spacer spacer
spacer spacer spacer spacer spacer spacer spacer
spacer spacer

spacer

spacer

ACLU of Florida nan lang kreyòl

Bienveni nan web paj ACLU vesyon kreyòl CIVIL LIBERTIES UNION (ACLU) nan Florida.  Sa se sèlman yon kómansman de yon long efó pou fè kominote ki pale kreol-la gen infómasyon sou ACLU avèk dwa ke konstitisyon peyi Etazini bay.

Greater Miami Chapter  ACLU-a te fonde nan lane 1955 e ACLU ki nan Florida te etabli nan lane 1965 nan yon efó pou pwoteje dwa konstitisyonèl tout moun nan Florida.

Travay nou se kenbe espri "DEKLARASYON DWA" vivan.  Nou pwoteje dwa tout moun ke anpil moun pran pou gran mèsi.  Dwa pou moun pale, di sa yo panse, relijyon epi separasyon Legliz ak Leta se bagay ki nesesè pou gen yon sosyete ki lib.  Men, menm jodi-a yap vyole dwa-sa-yo.

Kit se yon pwoblèm ki gen pou wè ak lapriyè nan lekòl piblik, pwoteje yon etidyan skiltè kont baboukèt, oswa defye leta lè l'ap eseye toufe ekspresyon relijyon yon moun, ACLU toujou la.  Travay-nou se pwoteje "bill of Rights-yo" (nòt de dwa-moun), pou kelkeswa moun ki gen dwa-l an danje.  Listwa aprann -nou ke fòk nou pwoteje moun ki marjinal nan sosyete-a tou, pou ka sovgade dwa moun ki mache ak la nòm.

Se moun ki sipòte travay nap  fè-a ki bay lajan pou óganizasyon -an mache epi avoka yo ki travay sou ka legal yo pa touche pou travay yo fè.  Bi-nou se pou prezève ak pwoteje libète sivil ak dwa sivil ke konstitisyon peyi Etazini garanti, espesyalman atik ki pale de dwa moun (Bill of Rights)

spacer
gipoco.com is neither affiliated with the authors of this page nor responsible for its contents. This is a safe-cache copy of the original web site.